Ale nan kontni an

Konsènan Alyans Nasyonal TPS la

Kisa Alyans Nasyonal TPS la ye?

Alyans Nasyonal TPS la fòme epi dirije pa benefisyè TPS atravè Etazini, yo mete ansanm efò defans dwa yo sou nivo nasyonal pou konsève Estati Pwoteksyon Tanporè a pou tout benefisyè yo a kout tèm epi pou elabore lejislasyon ki kreye yon chemen pou rezidans pèmanan a lontèm.

Kisa TPS ye e poukisa li enpòtan?

Pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) la bay estati imigrasyon legal ak otorizasyon travay pou imigran ki pa ka retounen nan peyi orijin yo akòz lagè oswa lòt dezas.

Kongrè a te kreye TPS an 1990 pou bay yon pwosesis klè pou akòde pwoteksyon imanitè bay imigran ki soti nan peyi ki anba pwoteksyon TPS yo. Jodi a, trèz peyi (Afganistan, Burma (Myanma), Kamewoun, El Salvador, Etyopi, Ayiti, Ondiras, Liban, Nepal, Nikaragwa, Somali, Sid Soudan, Soudan, Siri, Ikrèn, Venezyela, ak Yemèn) deziyen pou TPS, epi plis pase yon milyon imigran resevwa pwoteksyon nan pwogram nan.

Poukisa mwen ta dwe rantre nan NTPSA a oswa sipòte li?

Alyans Nasyonal TPS la se yon òganizasyon ki dirije pa manm yo. Misyon nou se defann pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè a epi pou nou genyen yon chemen pou rezidans pèmanan pou moun ki gen TPS yo. Manm NTPSA yo fòme yon kominote moun ki gen TPS ak alye; ansanm, nou òganize epi nou defann pou nou atire atansyon sou kontribisyon moun ki gen TPS yo fè nan peyi sa a epi pou nou bati sipò pou pwogram TPS la. Manm NTPSA yo resevwa aksè tou a enfòmasyon ki kòrèk e ki ajou sou TPS.

Manm nan NTPSA a gratis e volontè. NTPSA akeyi manm ki gen TPS, ansanm ak fanmi ak alye moun ki gen TPS yo. Tanpri sonje ke NTPSA pa aksepte aplikasyon pou manm nan men moun ki poko gen 14 an. Sepandan, si ou se yon manm NTPSA, manm ou a pwolonje pou pitit ou yo ki poko gen 14 an ki gen TPS.

Ou ka vin manm swa lè w patisipe nan yon komite NTPSA lokal oswa lè w soumèt yon aplikasyon pou vin manm endividyèl.

Ki aktyalizasyon ki pi ijan kounye a?

Pwogram TPS la anba atak. Administrasyon Trump la te fè konnen aklè entansyon li pou revoke pwoteksyon TPS yo – kit li an sekirite pou moun ki gen TPS yo retounen nan peyi k ap fè fas ak lagè ak lòt dezas, epi kit li jis pou derasinen moun ki gen TPS yo nan lavi, kay ak fanmi yo te bati pandan y ap viv ak travay legalman Ozetazini.

Jiskaprezan, Administrasyon Trump la anonse fen TPS la pou apeprè 350,000 Venezyelyen ki te okòmansman enskri pou TPS anba deziyasyon peyi a an 2023.

Depatman Sekirite Entèn lan dwe pran yon desizyon omwen 60 jou anvan dat fen deziyasyon TPS yon peyi a si li pral pwolonje oswa mete fen nan deziyasyon an. Klike la a pou dat deziyasyon peyi yo.

Kijan m ka pran aksyon?

Vin manm NTPSA a! Manm nan NTPSA a gratis e volontè. NTPSA akeyi manm ki gen TPS, ansanm ak fanmi ak alye moun ki gen TPS yo. Tanpri sonje ke NTPSA pa aksepte aplikasyon pou manm nan men moun ki poko gen 14 an. Sepandan, si ou se yon manm NTPSA, manm ou a pwolonje pou pitit ou yo ki poko gen 14 an ki gen TPS.

Ou ka vin manm swa lè w patisipe nan yon komite NTPSA lokal oswa w soumèt yon aplikasyon pou vin manm endividyèl.

Ki kote m ka jwenn kominike laprès ak rapò?

NTPSA a ak alye li yo pibliye regilyèman kominike pou laprès ak dènye apèl pou aksyon nou yo ak rapò ak enfòmasyon ki enpòtan pou kominote TPS la.

Klike la a pou dènye kominike laprès yo.

Klike la a pou dènye rapò yo.

Kijan m ka rete ajou?

Ou ka rete okouran lè w swiv NTPSA sou rezo sosyal yo: Facebook , Instagram , Twitter , ak Youtube.

Manm NTPSA yo resevwa tou mizajou regilye sou pwogram TPS la ak travay NTPSA a.

Ou ka vin yon manm NTPSA swa lè w patisipe nan yon komite NTPSA lokal oswa lè w soumèt yon aplikasyon pou vin manm endividyèl.

Retounen anlè