Donis Hernandez , 39 an. Li se yon moun ki gen TPS ki soti El Salvador epi ki aktyèlman ap viv nan Las Vegas, Nevada. Donis travay nan demolisyon ak konstriksyon kazino. Hernandez, se yon manm sendika Lliuna tou ki fyè epi li travay nan vann "Amway" kòm yon biznis bò kote.
“TPS ede m viv yon lavi ki estab Ozetazini e san dokiman mwen pa ka bay menm bagay la pou fanmi mwen. Viv nan yon fanmi ki gen plizyè sitiyasyon sosyal pote anpil enkyetid, mwen gen yon pitit gason ki gen DACA, ak yon pitit fi ki sitwayèn ameriken. Kite kay mwen pou sis semèn se pa yon bagay fasil, men m ap fè tout sa m kapab pou m goumen pou fanmi mwen rete ini.”

