Kontak Medya yo:
Armando Carmona, NDLON, 323-250-3018, armando@ndlon.org
Kominikasyon ak Defans Medya ACLU SoCal, 213-977-5252, communications@aclusocal.org
Plizyè douzèn Eta, Vil ak Konte Sipòte Kontestasyon Legal kont Administrasyon Trump la ki te mete fen nan estati legal imanitè pou plis pase 300,000 Moun.
Nan de dokiman zanmi tribinal yo te depoze yè, 18 eta ak 34 jiridiksyon lokal sipòte sekou ijans nan men yon tribinal pou anpeche revokasyon iminan TPS la.
30 Out 2018—Yè, eta yo ak jiridiksyon lokal yo te depoze dokiman zanmi tribinal pou sipòte demandè yo nan ka Ramos kont Nielsen, ki konteste revokasyon Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou plis pase 300,000 moun ki soti El Salvador, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan. Moun ki gen TPS yo te viv legalman Ozetazini pandan plizyè ane oswa plizyè dizèn ane men yo ka pèdi estati legal yo depi 2 novanm san entèvansyon tribinal.
Dokiman yo mete aksan sou domaj fen TPS la enpoze sou fanmi yo, ekonomi an, revni piblik yo, sekirite piblik la ak sante piblik la.
Nan tèt lis rezime amikus 18 eta yo, Avoka Jeneral Kalifòni an, Xavier Becerra, te di : “Nou p ap rete san nou pa fè anyen pandan y ap rache vwazen ak kòlèg nou yo nan men fanmi yo. N ap kontinye goumen pou moun ki gen TPS yo, pou sekirite piblik nou an, ak pou ekonomi pwospè nou an.”
Pwokirè Jeneral Vijini an, Mark Herring, te deklare : “M ap goumen pou moun ki gen TPS yo epi m ap travay pou anpeche yo depòte yo enjis oswa san rezon.”
Demandan yo nan ka a ap chèche pou yo entèdi revokasyon TPS yo te planifye a kòm vyolasyon Kloz Pwoteksyon Egal Konstitisyon an ak Lwa Pwosedi Administratif la. Demandan yo reprezante pa Rezo Nasyonal Òganizasyon Travayè Jounen (NDLON), ACLU Sid Kalifòni, ak kabinè avoka Sidley Austin.
Eta ki te siyen dokiman amicus curiae yo se: Kalifòni, Massachusetts, Distri Kolonbi, Connecticut, Delaware, Awayi, Illinois, Iowa, Maryland, Maine, Minnesota, New Jersey, Nouvo Meksik, New York, Oregon, Rhode Island, Vermont, ak Washington.
Jiridiksyon lokal ki te rantre nan yon dosye amicus curiae yo se: Vil Los Angeles ak Konte Los Angeles, Kalifòni; Alameda, Kalifòni; Alexandria, Vijini; Atlanta, Georgia; Baltimore, Maryland; Boston, Massachusetts; Cambridge, Massachusetts; Chelsea, Massachusetts; Chicago, Illinois; Denver, Colorado; Gary, Indiana; Holyoke, Massachusetts; Iowa City; Iowa; Las Cruces, Nouvo Meksik; Minneapolis, Minnesota; Salinas, Kalifòni; Vil Nouyòk, Nouyòk; North Miami, Florid; Oakland, Kalifòni; Philadelphia, Pennsilvani; Portland, Oregon; Providence, Rhode Island; Sacramento, Kalifòni; Saint Paul, Minnesota; San Diego, Kalifòni; San Francisco, Kalifòni; San Jose, Kalifòni; Seattle, Washington; Somerville, Massachusetts; South Bend, Indiana; Tucson, Arizona; ak Manhattan Beach, Kalifòni.
Li dokiman amicus curiae yo isit la . Ou ka jwenn tou lòt dokiman legal, istwa moun ki pote plent yo ak dokiman gouvènman ki fèk pibliye yo.
