Evelyn Hernandez, li gen 3 timoun ki sitwayen ameriken epi li gen 26 an depi l ap viv nan Etazini. Li gen TPS ki soti El Salvador. Li se yon òganizatè kominotè nan Sant Resous Amerik Santral nan Los Angeles.
“Mwen fè pati karavàn sa a paske tan nou genyen pou nou viv ak travay legalman nan peyi sa a ap fini. Sitiyasyon imigrasyon nou an pa sèten e mwen pa vle pèdi ane mwen te pase isit la ak pitit mwen yo. Sa a se lakay adoptif mwen e m ap goumen pou m rete ak fanmi mwen.”

