Ale nan kontni an

Pou Piblikasyon Imedya

Kontakte: Armando Carmona, 323-250-3018, armando@tzunu.com ; Viridiana Vidal, (702) 206-2110, vvidal@ndlon.org ; B. Loewe, Working Families United, 773.791.4668, bloewe@onpoint.pro ; Bruna Bouhid-Sollod, United We Dream, 202.850.0812, bruna@unitedwedream.org ; Nekessa Opoti, UndocuBlack Network, (612) 460-0656, nekessa@undocublack.org

Anvan Lwa Dream and Promise la, òganizasyon ki baze sou migran yo ak sendika travayè yo ankouraje Kongrè a pou pwoteje kominote yo san pini yo.

Konferans pou laprès la te fèt jodi a, 4 jen an, a 9:30 am nan Zòn 9, Kapitòl Etazini.

Facebook An Dirèk : https://www.facebook.com/TPSAlliance/videos/2509235512433955?s=1647469757&v=e&sfns=mo

Anvan Chanm Reprezantan an vote sou Lwa Rèv ak Pwomès la, imigran ak travayè ki gen avni an pandye an jwèt pral reyaji sou enpòtans pwojè lwa a, asire responsablite, epi pataje enpak òganizasyon vibran nan tout peyi a ki mete pwopozisyon an an tèt ajanda lejislatif sesyon sa a.

Gwoup yo pral ankouraje manm Kongrè a pou yo gen kouraj jan moun ki resevwa TPS, DED, ak DACA yo te demontre lè yo te defye administrasyon Trump la nan tribinal epi ankouraje lejislatè yo pou yo vote an favè HR 6 san amannman danjere ak anti-imigran.

Gwoup yo ap tann tou vòt Chanm Reprezantan an sou alokasyon Depatman Sekirite Entèn lan ki pwograme pou Mèkredi, pou ankouraje Kongrè a pou retire finansman Fòs Deportasyon Trump la ki fèk wè lanmò yon lòt moun ki te anba detansyon ICE pandan wikenn nan .

Apre konferans pou laprès la, patisipan yo pral antre nan Galeri Chanm Reprezantan an pou yo temwen deba a ak vòt istorik la.

Kontèks:

Alyans Nasyonal TPS la te fòme an 2017 lè benefisyè Estati Pwoteksyon Tanporè ki soti Ayiti, El Salvador, Ondiras, Nikaragwa ak Nepal te reyini nan Washington DC. Alyans Nasyonal TPS la fòme epi dirije pa benefisyè TPS ki soti toupatou nan Etazini, ki mete ansanm efò defans dwa yo nan nivo nasyonal pou konsève Estati Pwoteksyon Tanporè a pou tout benefisyè yo a kout tèm epi pou elabore lejislasyon ki kreye yon chemen pou rezidans pèmanan a lon tèm.

United We Dream se pi gwo òganizasyon nan peyi a ki dirije pa jèn imigran, yon rezo pwisan ki gen plis pase 500,000 manm, senk branch ak plis pase 100 òganizasyon afilye atravè 28 eta. Vizyon UWD se bati yon mouvman miltirasyal ak miltietnik pou jèn moun ki òganize epi defann diyite ak jistis imigran yo ak kominote moun koulè yo Ozetazini nan nivo lokal ak nasyonal.

Rezo UndocuBlack (UBN) se yon rezo milti-jenerasyonèl—ki gen moun Afriken, Afro-Latino ak Karayibyen san papye—ki ankouraje lyen fanmi, fasilite aksè a resous epi kontribye nan transfòme reyalite moun Nwa san papye yo, pou kominote nou yo ka pwospere epi viv lavi nou plen. Nou konpoze epi dirije pa moun Nwa ki kounye a ak ansyen moun ki san papye. Nan rezo nou an, nou gen imigran ki kalifye pou Dream, moun ki gen DED ak TPS ki soti nan tout peyi majorite Nwa yo. Manm nou yo kouvri plis pase 20 eta, soti Kalifòni rive Minnesota ak Nouyòk.

Adhikaar se sèl sant kominotè ak travayè ki dirije pa fanm k ap sèvi epi òganize imigran ak refijye ki pale nepalè. Òganizasyon an te fonde an 2005, li te alatèt nan batay pou TPS Nepal la, epi li te leve vwa yo nan batay nasyonal la pou TPS.

Working Families United se yon kowalisyon travayè ki gen sèt sendika, ki reprezante kat milyon travayè k ap goumen ansanm pou jistis pou imigran yo.

Ansanm, gwoup yo ap pouse pou jwenn solisyon ki ofri manm yo yon avni ki estab nan peyi kote yo rete a ak kote yo kontribye anpil la. Yo konsidere Lwa Rèv ak Pwomès la kòm yon etap enpòtan ak istorik nan pouswit sa a.

###

Retounen anlè