Pou Piblikasyon Imedya
19 novanm 2020
Kontak Medya:
Erik Villalobos , evillalobos@ndlon.org , (516) 660-4508
Martin Pineda, mpineda@carecen-la.org (213) 712-4022
ALYANS NASYONAL TPS LA FÈ YON KONFERANS POU LAPRE POU MANDE ÈD UMANITARYÈ POU AMERIK SANTRAL LA
De siklòn san parèy kite plizyè santèn milye moun san kay nan tout Amerik Santral, kominote TPS yo ap mande gouvènman ameriken an pou retabli Pwogram TPS la epi asire sekou imedya.
Los Angeles, Kalifòni — An repons a destriksyon siklòn Eta ak siklòn Iota te kite dèyè, yo konsidere kòm pi gwo tanpèt ki te frape Amerik Santral nan listwa, Alyans Nasyonal TPS la te òganize yon konferans pou laprès deyò Bilding Federal Etazini an nan Los Angeles pou mande èd imanitè imedya ak ekstansyon TPS pou peyi ki afekte pa siklòn sa yo.
Manm Alyans Nasyonal TPS yo te fè deklarasyon sa yo:
“Nou tris anpil lè nou wè dega tanpèt sa a kite dèyè, nan peyi nou yo. Siklòn Eta ak Iota yo te lakòz gwo inondasyon ki te kraze wout, pon, bilding, kay, menm mete tout vilaj anba dlo. Pandan ke ane sa a te difisil pou nou tout, dezas natirèl, kriz politik konstan, ak pandemi COVID-19 ki kontinye a te vin agrave kondisyon yo nan peyi nou yo, sitou pou moun k ap siviv enpak devastatè dezas natirèl sa yo.” -Lorena Zepeda , Detantè TPS Salvadoryèn ki soti Los Angeles, Kalifòni
“Si gouvènman ameriken ak meksiken an espere evite karavàn imigran Amerik Santral k ap travèse fwontyè yo, yo dwe aji kounye a epi bay èd imanitè imedya ki nesesè pou rebati kominote sa yo. Gouvènman ameriken an dwe angaje finansyèman e responsabman nan yon plan imedya pou rekonstriksyon nan rejyon an, yon plan ki santre epi anboche kominote ki afekte yo, ki bay mwayen pou patisipasyon sosyete sivil la epi ki asire transparans ak responsablite pou anpeche koripsyon. Rekonstriksyon an kapab e li ta dwe kòmanse trè byento, epi jenere djòb pou moun ki pèdi kay yo ka rebati pwòp katye yo, espas kolektif yo ak enstitisyon lokal yo.” – Martha Arevalo, Direktè Egzekitif CARECEN-LA
“ Dezas sa yo tounen yon obstak nan pwogrè peyi an devlopman sa yo. Nou bezwen retabli TPS pou tout 12 peyi yo; plis espesyalman pou El Salvador, Ondiras, Nikaragwa ak Ayiti; ki byenke pa te frape pa tanpèt sa a, yo toujou ap sibi enpak devastatè akòz dezas natirèl anvan yo ak yon kriz politik ki kontinye. Nou mande tou pou yo bay TPS pou peyi ki pa benefisye pwogram nan kounye a, tankou Gwatemala; ki te frape pa tanpèt sa a ak Venezyela, yon lòt peyi ki gen yon kriz politik ki kontinye. ” – Pablo Alvarado , Ko-Direktè Egzekitif NDLON
Alyans TPS la pral sikile yon lèt ouvè bay Administrasyon Trump la ak ekip tranzisyon Biden an, ansanm ak lidèchip Kongrè a, pou prezante demand yo nan konferans pou laprès la epi remèt yo bay gouvènman federal la pita. Demand yo vini nan limyè enpak yon siklòn ki gen pwopòsyon epik, ki pral ogmante povrete nan yon zòn ki deja frape anpil pa kriz ekonomik, politik ak dwa sivil, ansanm ak pandemi mondyal la.
###
Alyans Nasyonal TPS la se yon òganizasyon lokal k ap defann rezidans pèmanan moun ki benefisye Estati Pwoteksyon Tanporè ki soti nan peyi tankou El Salvador, Ondiras, Ayiti, Nikaragwa, Nepal, Siri, Soudan, Soudan Sid, Somali, Gine, Syera Leyòn ak Yemèn.
