Pou Piblikasyon Imedya //
17 Out 2018
Kontakte:
Armando Carmona, 323-250-3018, armando@ndlon.org
Viridiana Vidal, (702) 206-2110, vgonzzali@gmail.com
Alyans Nasyonal TPS lanse "Vwayaj pou Jistis" atravè Etazini
Los Angeles, Kalifòni // Nationwide – Moun ki gen TPS atravè peyi a, alye, lidè ak ofisyèl eli yo te rasanble nan Los Angeles City Hall maten an pou lanse “Vwayaj TPS pou Jistis,” yon vwayaj nasyonal 12 semèn pou defann fanmi TPS yo epi mande yon chemen pou rezidans pèmanan. An kolaborasyon avèk Sant Resous Amerik Santral (CARECEN-LA) ak Rezo Nasyonal Òganizasyon Travayè Jounen (NDLON), moun ki gen TPS yo pral vwayaje atravè peyi a epi vizite plis pase 50 vil pou mete aksan sou kontribisyon sosyo-ekonomik moun ki gen TPS yo ak ijans pou anpeche pwochen vag separasyon fanmi yo.
“Mete fen nan TPS la trayi kè nou antanke moun lavil Ajan ak Ameriken,” Majistra Eric Garcetti te di. “Peyi nou an pa ta dwe nan biznis menase pou separe timoun sitwayen yo ak paran imigran yo. Jan pasaje yo nan 'Vwayaj TPS pou Jistis' la raple nou, gason ak fanm sa yo ranfòse ekonomi, kilti ak sosyete nou, epi yo dwe gen dwa rete lakay yo ak nan kominote yo.”
Mouvman pou #SaveTPS la ap grandi an kantite ak an fòs. An repons a desizyon Administrasyon Trump la pou mete fen nan Estati Pwoteksyon Tanporè a pou prèske 450,000 benefisyè, moun ki gen TSP yo ap òganize tèt yo pou mande diyite ak respè.
“Antanke manman de timoun ki sitwayen ameriken, yon pwopriyetè kay epi yon moun ki gen TPS, m ap rantre nan 'Vwayaj TPS pou Jistis' la paske fanmi imigran yo pa ka sede anba laperèz, kèlkeswa sikonstans politik n ap fè fas yo,” te di Milagro Rivas, manm Alyans Nasyonal TPS la. “Vwayaj sa a se yon tantativ pou leve vwa nou epi defye dezimanizasyon kriyèl ak kriminalizasyon fanmi imigran yo atravè Etazini.”
“Retire pwoteksyon TPS yo pral kreye yon kriz imanitè ki pa sanble ak okenn lòt nou te wè nan listwa resan. N ap temwen separasyon plis pase twa san mil fanmi ki gen diferan sitiyasyon imigrasyon,” dapre Martha Arevalo, Direktè Sant Resous Amerik Santral la (CARECEN-LA). “Nou monte bisiklèt pou diyite, nou monte bisiklèt pou respè, nou monte bisiklèt pou jistis!”
“Nou vize libere Ameriken òdinè yo anba laperèz yo genyen pou imigran yo. Nou refize aksepte manti y ap di sou kominote nou yo epi nou rejte ak tout fòs nou zak rayisman ak kriminalizasyon ki vize terorize imigran atravè peyi a,” te di Pablo Alvarado, Direktè Rezo Nasyonal pou Òganizasyon Travayè Jounen yo.
Gen lòt patisipan remakab nan lansman Journey for Justice la tankou Konseye Minis Curren Price, Kongrèman Jimmy Gomez (CD-34), Manm Asanble Wendy Carillo (AD-51), Manm Asanble Miguel Santiago (AD-53), reprezantan ki soti nan Teamsters yo, Unite Here Local 11, Rusty Hicks, AFL-CIO, ak lòt moun.
###
