NTPSA kanpe an solidarite ak kominote Venezyelyen an pandan DHS anonse fen pwoteksyon TPS yo.
Nationwide — Yè, Administrasyon Trump la te anonse li pral mete fen nan TPS pou Venezyelyen ki te jwenn pwoteksyon an 2023. Desizyon sa a vini jis kèk jou apre Depatman Sekirite Entèn nan te revoke desizyon Administrasyon Biden an pou pwolonje TPS pou 600,000 Venezyelyen nan dènye jou manda li a.
Revokasyon sa a afekte Venezyelyen ki te jwenn TPS an 2023 e kounye a li pral fini nan 60 jou potansyèlman le 6 avril. Anons revokasyon sa a pa aplike pou Venezyelyen ki te jwenn TPS an Septanm 2021, ki kounye a gen pwoteksyon jiska 10 Septanm 2025.
Kòm repons, Manm Alyans Nasyonal TPS yo te pibliye deklarasyon sa yo:
“Nou tris e nou choke poutèt yo mete fen nan TPS pou Venezyelyen yo—byenke, malerezman, nou pa sezi,” dapre Jose Palma, Kowòdonatè Alyans Nasyonal TPS la . Alyans Nasyonal TPS la ini nan batay pou diyite ak dwa tout moun ki gen TPS yo ak kominote imigran an antanke yon antye. Yon atak sou yon moun se yon atak sou tout moun. Nou pral kontinye defann deziyasyon TPS pou konpatriyòt Venezyelyen nou yo, ansanm ak manm nou yo ki soti Ondiras, Nikaragwa, Nepal ak lòt peyi ki gen pwoteksyon TPS yo an danje tou.
“Nou te deja fè fas ak menas revokasyon TPS la anvan e nou pa t janm espere nan sitiyasyon sa a ankò,” te di Doris Landaverde, Kowòdonatris Alyans Nasyonal TPS la . “Nou kanpe an solidarite ak frè ak sè Venezyelyen nou yo epi nou pral kontinye goumen pou diyite ak dwa tout moun ki gen TPS yo. Nou pral eksplore tout mwayen posib pou pwoteje otan manm kominote nou an ke nou kapab. Avèk tout bagay sa yo k ap pase nan politik imigrasyon an, nou ankouraje lòt moun ki gen TPS ki soti El Salvador, Soudan ak Ikrèn pou yo renouvle pwoteksyon yo pi vit posib.”
##
