Victor Diaz, 51 an. Li se yon moun ki gen TPS ki soti Ondiras epi li gen yon pitit fi ki se yon sitwayen ameriken, yon pitit gason ki se yon benefisyè DACA, ak yon lòt pitit gason ki pral vin yon rezidan pèmanan. Victor gen 25 an depi l ap viv Ozetazini, tout ane sa yo li te pase nan Bay Area a epi li se yon chofè kamyon komèsyal Klas A.
"Moun ki gen TPS yo te touche dwa pou mande yon estati legal pèmanan. Kontribisyon kominote Latino ak imigran yo fè Ozetazini yo fòmidab e li lè pou nou rekonèt yo. Ondiras yo fè pati kominote Latino a, e nou dwe kanpe ansanm pou goumen pou dwa nou yo. Objektif mwen te toujou pou m asire ke fanmi mwen reyisi – kounye a mwen se pwopriyetè kay mwen, mwen gen yon plan retrèt, e mwen vle asire lavni pou pitit mwen yo."

