
Nan #JouTaks la, ann asire nou ke fonksyonè piblik nou yo konnen konbyen fanmi TPS ak DED yo kontribye nan ekonomi Etazini an e kijan taks sa yo ap depanse.
Fanmi ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ak Depa Fòse Difere (DED) —kontribye $4.6 milya dola nan taks federal ak leta ak plis pase $35.2 milya dola nan PIB peyi a chak ane.
“NOU TE PEYE KÒT NOU YO”: Fanmi TPS ak DED atravè Etazini yo te pibliye kontribisyon taks yo pou mete aksan sou 4.6 milya dola ameriken an taks ke kominote TPS ak DED yo peye nan tout peyi a epi pou mande yon solisyon bipatizan ki asire diyite yo ak estati pèmanan yo Ozetazini.
TAKS - $4.6 MILYA DOLA
Moun ki resevwa Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ak Depa Fòse Difere (DED) k ap viv Ozetazini kontribye apeprè $4.6 milya dola pa ane nan taks federal ak leta USD, ki gen ladan taks sou revni pèsonèl, pwopriyete, lavant ak taks sou eksiz.
Moun ki gen TPS ak DED kontribye $690 milyon dola chak ane nan Sekirite Sosyal.
Plis pase 80% nan moun ki gen TPS ak DED peye taks, konpare ak mwens pase 50% nan popilasyon jeneral Etazini.
"Travayè TPS ak DED yo gen menm responsablite fiskal ak nenpòt lòt travayè, yo kontribye plizyè milya dola nan taks. Men, fanmi TPS ak DED yo pa gen aksè a sekirite sosyal, ni retrèt."
PIB - $35.2 MILYA DOLLA
Nou kontribye plizyè milya dola ki ede peye wout, lekòl, e wi, menm salè gouvènman an. Si benefisyè TPS ak DED yo kite peyi Etazini ap pèdi 35.2 milya dola nan kwasans ekonomik atravè PIB.
PEMAN IPOTÈK - $1.5 MILYA DOLA
Sou yon baz anyèl pou peman pwopriyetè kay ak ipotèk.
ENDISTRI YO
Endistri ki gen plis travayè TPS ak DED yo se konstriksyon , sèvis lojman ak manje , sèvis administratif ak sipò ak jesyon dechè , fabrikasyon , komès an detay , ak swen sante ak asistans sosyal .
"Nou se travayè ki kontribye anpil nan plizyè endistri. Nou se antreprenè ki dirije ti biznis epi ki travay di pou nou pran swen fanmi nou yo."
LOKASYON - $2.8 MILYA DOLA
Sou yon baz anyèl pou peman pwopriyetè kay ak ipotèk.
*Sous Done: Sant USC pou etid sou entegrasyon imigran CSII
Li etid konplè a avèk lyen ki anba a
https://dornsife.usc.edu/CSII/tps-promise-act-2019
Telechaje Grafik Medya Sosyal ou ka Pataje
https://drive.google.com/drive/folders/1-639UkYv3I6K_1733_OWPyae865jFgpZ?usp=sharing
Li Kominike pou laprès la:
