Pou Piblikasyon Imedya: 24 Oktòb 2018
Kontakte: Armando Carmona, 951-966-6500, oubyen armando@ndlon.org,
Kominikasyon ACLU SoCal, (213) 977-5252, oubyen communications@aclusocal.org
Avoka yo ak Moun ki gen TPS yo diskite sou plan DHS la pou respekte lòd jij la ki bloke revokasyon TPS yo.
Men anrejistreman apèl la.
San Francisco, Kalifòni – Nan yon konferans pou laprès pi bonè jodi a, moun ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS), moun ki pote plent, ak avoka nan pwosè Ramos kont Nielsen an te diskite sou konsekans plan Depatman Sekirite Entèn (DHS) pou respekte lòd tribinal 3 oktòb la ki te bloke fen TPS pou plis pase 300,000 moun ki soti Soudan, Nikaragwa, Ayiti, ak El Salvador.
Aplikasyon yo pwopoze a asire ke moun ki gen TPS ki soti nan peyi sa yo ap kontinye gen yon estati legal toutotan lòd tribinal la rete an vigè, epitou pou omwen sis mwa si yo ranvèse lòd la nan apèl. Li anpeche tou administrasyon an bay yon nouvo avi revokasyon ki eseye konfòme li avèk lòd tribinal la pandan pwosesis apèl la.
Malgre ke plan an bay yon ti espwa pou moun ki gen TPS yo kounye a, li pa yon solisyon pèmanan epi li pa retire responsablite Kongrè a pou jwenn yon solisyon pèmanan pou rezidans legal pou moun ki gen TPS yo ak fanmi yo.
Orlando Zepeda, Detantè TPS ki soti El Salvador epi ki pote plent nan pwosè a, te di, “Mwen viv isit la depi plis pase de deseni, pi lontan pase jan mwen viv nan El Salvador. Mwen gen de timoun ki fèt Ozetazini; yon tifi ki gen 13 an, ak yon ti gason ki gen 15 an. Pitit gason m nan ak mwen se pote plent nan ka sa a. Mwen pale nan non fanmi mwen ak tout fanmi ki afekte yo. Nou se moun k ap eseye bay yon pi bon lavi pou fanmi nou yo. Desizyon tribinal la pa bay pwoteksyon pèmanan nou bezwen yo, epi nou konnen travay nou an poko fini.”
An repons a plan DHS ki te pwopoze a, Emi Maclean, Ko-Direktè Legal nan NDLON, te di : “Gen plizyè santèn milye moun ki gen TPS ki te viv epi travay Ozetazini pandan plizyè dizèn ane. Nan dat 3 oktòb, yon tribinal federal te rekonèt ke revokasyon TPS administrasyon an pou Soudan, El Salvador, Nikaragwa ak Ayiti te pwobableman ilegal. Yè swa, DHS te soumèt plan yo pou jere bloke tribinal la te bay sou revokasyon yo. Plan an asire ke moun ki gen TPS ki soti nan kat peyi sa yo ap kontinye gen yon estati legal toutotan lòd la rete an vigè. Sa pa vle di administrasyon an te aksepte desizyon san reflechi yo a: li kontinye san wont. Yo te fè apèl kont lòd tribinal federal la imedyatman, men nou pral kontinye konbat aksyon administrasyon sa a anvè moun ki gen TPS yo ak fanmi yo nan tribinal yo ak nan lari yo. Moun ki gen TPS yo ini, yo fò, epi y ap goumen... men Kongrè a dwe aji tou.”
“Mwen te kapab kontribye nan peyi sa a pandan 17 ane atravè TPS. Apre administrasyon Trump la te anonse yon fen nan TPS la – mwen te rantre nan vwayaj otobis Journey for Justice la,” te di Sandra Granados nan National TPS Alliance epi detantè TPS ki soti El Salvador . “Vwayaj la te kreye yon fason pou kominike avèk kominote yo epi eksplike sa TPS ye, benefis pwogram nan, ak enpak anilasyon li genyen sou fanmi nou yo. Depi administrasyon Trump la te anonse TPS la ap fini, pitit mwen yo vin deprime epi nòt yo te soufri. Menm pitit fi mwen ki gen 15 an te mete sou kote jwi ane adolesans li pou ede nou goumen pou kenbe TPS. Pitit nou yo se avni peyi sa a epi paran yo ap depòte. Sa a se yon kriz imanitè. Nou p ap abandone epi nou p ap mache retounen. Nou la pou nou rete.”
Daniel Sharp, Direktè Legal CARECEN-LA , te eksplike ke, "plan aplikasyon gouvènman an bay moun ki gen TPS yo plis pwoteksyon nan ogmantasyon 6 oswa 9 mwa epi li otomatikman pwolonje pèmi travay yo. Sa yo se viktwa enpòtan, men se responsablite gouvènman an pou l fè plan li a klè pou moun ki gen TPS yo, anplwayè yo ak ajans leta yo. Gouvènman an ap fè apèl tou kont pwoteksyon sa yo, sa ki kite moun ki gen TPS yo nan yon enpas. Administrasyon sa a kontinye envesti resous konsiderab pou ekspilse dè santèn de milye travayè ki respekte lalwa ak rezidan ki rete nan peyi nou an depi lontan. Sa ta tris nenpòt ki lè, men li twoublan pandan peryòd chomaj istorikman ba sa a."
Dokiman an disponib isit la: Pwopozisyon Defandè yo pou Aplike Lòd Enjonksyon Preliminè a
Plis enfòmasyon sou plan aplikasyon an, lyen ki mennen nan dosye ak desizyon tribinal yo, ak pwofil moun ki pote plent yo disponib sou nationaltpsalliance.org ak Facebook.com/tpsalliance .
###
