POU LIBERASYON IMEDYAT
Kontak nasyonal yo: Roxana Bendezú, kowòdinatris medya Alyans Nasyonal TPS la,
Armando Carmona, litij TPS ak kanpay nasyonal TPS la
Nouvo Manda pou Kongrè a vle di yon Solisyon Pèmanan pou Fanmi TPS yo
Fanmi TPS k ap viv toupatou Ozetazini rive Washington pou voye yon mesaj bay nouvo Kongrè a.
Washington DC – Kèk jou apre eleksyon mitan manda 2018 yo, plizyè santèn imigran ki gen TPS ki soti nan divès peyi te rasanble devan Mezon Blanch lan, pandan “Vwayaj TPS pou Jistis” la te rive Washington, DC. Apre yon vwayaj libète 12 semèn, kote yo te travèse peyi a pou rankontre ak kominote tout orijin, plizyè santèn moun ki gen TPS te mache soti Mezon Blanch pou ale nan Trump Hotel pou mande pwoteksyon pèmanan pou fanmi yo, fas a atak anti-imigran yo ak santiman rasis.
Pou reponn a efò Trump yo pou mete fen nan estati legal prèske mwatye yon milyon imigran ki gen TPS, Vwayaj TPS pou Jistis la mobilize plizyè milye moun ki gen TPS, konekte ak kominote nan plis pase 50 vil. Nan 12 semèn, Vwayaj TPS la enspire yon nouvo jenerasyon lidè imigran ak dwa sivil. Non sèlman nou bay moun ki gen TPS nan tout 12 peyi ki deziyen yo pouvwa, men nou etabli yon rezo solid nan tout peyi a ak alye yo.
“ Kounye a, lè politisyen yo ap pale de fanmi nou yo, nou bezwen bò tab la ,” te di Luis Andrade, detantè TPS ak kavalye jistis . “Nou se yon bèl alyans ki selebre anpil peyi ak lang ki te benefisye de TPS. Nou pap pèmèt lavi nou sèvi kòm pyès negosyasyon pou benefis politik. Epi nou pap sakrifye lòt fanmi imigran pou benefis nou.”
“ Jodi a, chak manm Kongrè a – kèlkeswa pati politik yo ye a – dwe fè konnen byen klè ke yo pap tolere politik meprizan k ap chèche separe fanmi nou yo. Sa kòmanse avèk pwomosyon pwoteksyon pèmanan pou tout moun ki gen TPS ak moun k ap resevwa DACA, san eksepsyon, ” te di William Martínez, moun ki gen TPS ak kavalye jistis la .
“ Jij federal la te byen di, Trump te mete fen nan TPS la kòm yon pati nan yon ajanda rasis 'Amerik An Premye'. Se kòd pou politik diskriminatwa k ap eseye efase fanmi nou yo. Èske manm Kongrè yo pral kanpe avèk rayisman, oswa pral pran yon pozisyon pou valè familyal yo ”, te di Mardoel Hernández, detantè TPS ak kavalye jistis .
“ Mwen te grandi anba lagè sivil El Salvador la. Retounen la pa yon opsyon. Pitit mwen yo fèt isit la epi nou pase tout lavi nou isit la. Travayè ki gen TPS yo kontribye chak jou. Nouvo Kongrè a ta dwe fè pwoteksyon yo pèmanan ,” te di Reyna Sorto, travayè ak TPS ak manm Konsèy Distri IUPAT 51 .
Sa gen yon mwa, yon jij federal nan San Francisco, Kalifòni, te bay yon òd preliminè pou bloke Prezidan Trump pou mete fen nan TPS la pou kat peyi.
###
