Pou Piblikasyon Imedya
22 avril 2020
Kontakte: Viridiana Vidal, 702-206-2110 oswa vvvidal@ndlon.org
Dosye Tribinal Federal la: 130,000 Moun ki gen TPS se Travayè Esansyèl
Nan mitan pandemi an, TPS Alliance konfime apèl li pou rezidans pèmanan pou fanmi TPS yo.
(Detantè TPS k ap travay nan swen sante disponib pou entèvyou.)
Semèn pase a, ekip legal ki te nan pwosè federal Ramos kont Nielsen an te depoze yon lèt 28J ki mete aksan sou gwo kantite benefisyè TPS k ap fè fonksyon esansyèl pandan pandemi kowonaviris la. Lèt la bay plis pwa pou konklizyon tribinal distri a ke entèdi revokasyon TPS la se nan enterè piblik la.
“Nan moman sa a, lè petèt travay nou an ap rekonèt, lè travay esansyèl nou an ap parèt, nou ta swete ke lavi nou ak limanite nou ap parèt tou. Paske lè yo te bezwen nou, nou te la, souvan nou t ap fè travay danjere, nou te riske pwòp sante nou,” te di William Martinez , pòtpawòl nasyonal TPS Alliance la.
Administrasyon Trump la te fè apèl kont pèt yo a nan tribinal distri a epi jiska prezan li toujou ap eseye retire estati legal yo a prèske mwatye yon milyon moun ki resevwa TPS.
“Pandemik la fè li pi klè pase tout tan ke nou tout ansanm nan sa. Moun ki gen TPS yo ap ede kenbe tout moun k ap viv nan peyi sa a an sekirite nan moman difisil sa a. Yo merite rete,” te di Ahilan Arulananthan , avoka ansyen nan Fondasyon ACLU nan Sid Kalifòni.
Lèt la site yon rapò resan ki te jwenn plis pase 130,000 benefisyè TPS travay nan swen sante lakay, nan pwosesis manje, nan makèt, nan fabrikasyon ak nan lòt travay esansyèl, sa ki ekspoze tèt yo a risk enfeksyon. ( Li rapò Sant pou Pwogrè Ameriken an isit la ).
Lèt la, ki disponib sou entènèt isit la, di an pati:
... plis pase 100,000 moun ki gen TPS travay nan endistri ke Depatman Sekirite Entèn konsidere kòm "enfrastrikti kritik esansyèl", sa gen ladan plis pase 11,000 travayè swen sante ak plis pase 76,000 travayè ki gen rapò ak manje.
...Paske moun ki gen TPS yo konstitye yon pòsyon enpòtan nan fòs travay esansyèl nan biznis limite ki toujou ap opere pandan pandemi an, konklizyon tribinal distri a gen yon fòs patikilye pandan moman difisil sa a nan listwa nasyon nou an.
“Nou espere ke nou te ka konte sou lidè nou yo pou fè sa ki dwat. Jodi a, sa vle di rezidans pèmanan pou fanmi TPS nou yo,” Martinez te ajoute.
Konsènan pwosè a:
Nan dat 3 oktòb 2018, tribinal federal la, nan ka Ramos kont Nielsen an, te bay lòd pou yon òdinasyon preliminè bloke Donald Trump pou mete fen nan estati TPS li a pou moun ki soti nan kat peyi – El Salvador, Ayiti, Soudan ak Nikaragwa. Senk mwa apre, yon lòt ka , Bhattarai kont DHS, te kouvri de lòt peyi, Nepal ak Ondiras.
Demandan nan ka Ramos yo reprezante pa Fondasyon ACLU nan Sid Kalifòni, Rezo Nasyonal Òganizasyon Travayè Jounen yo (NDLON), ak kabinè avoka Sidley Austin LLP; Asian Americans Advancing Justice reprezante tou demandan nan ka Bhattarai a ki gen rapò.
Nan toulede ka yo, moun ki pote plent yo se manm National TPS Alliance, ak plizyè òganizasyon k ap goumen pou jistis pou TPS, tankou CARECEN-Los Angeles, African Communities Together, Working Families United, UNITE-HERE, International Union of Painters and Allied Trades, Adhikaar, ak Haitian Bridge Alliance.
Plis enfòmasyon sou pwosè a disponib nan:
https://www.nationaltpsalliance.org/tps-lawsuit/ramos-faqs/
Lèt konplè a disponib nan:
https://www.nationaltpsalliance.org/tps-lawsuit/letter-pursuant-to-rule-28j/
###
