Ale nan kontni an

 

Moun ki gen TPS yo defye lidèchip Kongrè Ameriken an pou enkli pwoteksyon nan negosyasyon bidjè yo.

"Fini li. N ap fè pati pa nou an. Fè pa w la. Mete TPS nan negosyasyon bidjè a. Moun ki benefisye TPS yo merite rezidans pèmanan kounye a."

Tout ofisyèl eli yo gen opòtinite pou pwoteje dè santèn de milye de moun ki gen TPS ak pitit yo ki sitwayen ameriken.

Nan tout peyi a – Lendi 16 desanm, moun ki gen TPS nan San Francisco, Boston ak Washington DC ap òganize veye, rasanbleman, epi fè apèl pou Kongrè a pou ankouraje Prezidan Chanm Reprezantan an Nancy Pelosi, Senatè Schumer ak lòt lidè Kongrè a pou yo enkli pwoteksyon pou TOUT moun ki benefisye TPS kòm yon pati nan negosyasyon bidjè a. Plis pase 400,000 imigran ki gen dokiman Administrasyon Trump la vize riske wè fanmi yo separe si Kongrè a pa aji.

“Negosyasyon bidjè yo ofri yon opòtinite pou pwoteje fanmi yo,” Elsy Ayala, detantè TPS ak demandè nan ka Ramos vs Nielsen, te di. “Nou mande tout ofisyèl eli yo pou yo gen menm kouraj avèk nou. N ap fè pati pa nou. Nou plen tribinal yo, nou mache nan lari yo, nou mache nan koulwa Kongrè a epi nou monte nan bis pandan 12 semèn pou nou pale verite nou atravè peyi a. Mwen mande lidè Kongrè yo pou yo pa pè epi pou yo fè pati pa yo tou,” li te konkli.

Jose Palma, Kowòdinatè Alyans Nasyonal TPS la, te di, “Repibliken ak Demokrat yo gen yon opòtinite pou yo fè byen. Yo gen yon chans pou pwoteje fanmi nou yo pou yo pa dechire yo. Nou te kontribye epi nou te pran rasin solid isit Ozetazini. Kounye a li lè pou Kongrè a fè travay li. Nou refize kite lavi nou sèvi kòm yon boul foutbòl politik alòske prèske tout Ameriken dakò ke nou merite egalite.”

Melissa Cetoute, Titè TPS ak Komite Egzekitif NTPSA a, te di: “Ak eksepsyon de yon ti ponyen nativis ak ksenofob, gen yon konsansis nasyonal ke nou merite kat vèt. Li lè pou nou transfòme konsansis sa a an lwa. Antanke yon rezidan NY depi plis pase 20 an, nou mande Senatè Schumer pou l gen volonte politik pou l enkli TPS nan akò bidjè a. Lidè Kongrè yo dwe pwofite tout opòtinite pou pwoteje fanmi nou yo. Nou pa ka viv nan enpas ankò.”

Moun ki gen TPS yo fè demann sa yo avèk respè:

  • Mete ekstansyon TPS la nan negosyasyon bidjè pou ane fiskal 2020 an.
  • Lanse yon dyalòg toulede pati pou mete moun ki gen TPS yo sou yon chemen pou yo vin rezidan pèmanan.
  • Asire w ke pwoblèm imigrasyon an, nan tout dimansyon li yo, enkli nan nenpòt deba prezidansyèl k ap vini an.

Demand medya yo: Armando Carmona, armando@tzunu.com , 951-966-6500

 

###

Retounen anlè