Ale nan kontni an

Pou Piblikasyon Imedya
12 mas 2019
Kontak Medya yo:
NDLON, Viridiana Vidal, 702-206-2110, vvidal@ndlon.org

GOUVÈNMAN AN DAKÒ POU L ARETE TANPORÈMAN FEN ESTATI PWOTEKSYON TANPORÈ POU ONDURAS AK NEPAL

Dapre akò a, san mil moun ki gen TPS ki soti Ondiras ak Nepal ap kenbe estati yo annatandan rezilta litij ki konteste revokasyon TPS yo.

San Francisco, Kalifòni — Jodi a, pati yo nan ka Bhattarai kont Nielsen , yon ka ki konteste revokasyon estati pwoteksyon tanporè (TPS) pou moun ki soti Nepal ak Ondiras, te mande tribinal la pou l pase yon lòd pou sispann tanporèman revokasyon TPS pou moun ki soti nan peyi sa yo. Dapre akò a, TPS pou Nepal ak Ondiras—ki prevwa pou fini kounye a 24 jen 2019 ak 5 janvye 2020, respektivman—ta rete an plas omwen jiskaske yo pran yon desizyon sou apèl nan ka Ramos kont Nielsen , yon lòt ka TPS.

Tribinal distri Ramos la te deja jwenn prèv sibstansyèl ki montre ke revokasyon TPS pou Soudan, Nikaragwa, El Salvador ak Ayiti te motive pa rasis Administrasyon Trump la kont imigran ki pa blan ak ki pa Ewopeyen yo, epi tou ke revokasyon yo te vyole Lwa Pwosedi Administratif la. Demandan yo nan Bhattarai te soulve menm kalite defi kont revokasyon TPS pou Ondiras ak Nepal. Desizyon Ramos la an apèl kounye a nan Nevyèm Awondisman an. Yo prevwa yon odyans ete sa a, epi yon desizyon ap vini apre.

Demandan Keshav Bhattarai , yon moun ki gen TPS ki soti Nepal, epi manm Adhikaar, ki travay avèk kominote Nepalè a pou ankouraje dwa moun ak jistis sosyal, te reyaji a akò a avèk yon selebrasyon pridan. “Mwen santi mwen tankou mwen te malad epi akò sa a se kèk gout medikaman. Si tribinal la apwouve li, sa vle di gouvènman an pa ka mete fen nan TPS pou Nepal ak Ondiras jiskaske tribinal dapèl la deside si ansyen revokasyon TPS Administrasyon Trump la te vyole lalwa. Epi sa ban nou tout yon ti espas pou nou mande Kongrè a pou ban nou sa nou vrèman bezwen: pwoteksyon pèmanan pou moun ki gen TPS yo.”

“Nou kontan gouvènman an te dakò ak mezi pwovizwa sa a, men nou konnen jistis pou moun ki gen TPS yo ak fanmi yo dwe finalman soti nan Kongrè a, ki ta dwe vote yon lejislasyon ki bay rezidans pèmanan legal pou moun sa yo, ki te kontribye anpil nan sosyete nou an,” te di Ahilan Arulanantham, Avoka Prensipal nan ACLU Sid Kalifòni.

Minju Cho, Avoka Anplwaye nan Asian Americans Advancing Justice – Los Angeles , te di “Akò sa a bay moun ki gen TPS nan Nepal ak Ondiras soulajman yo bezwen anpil la. Nou kontan anpil dèske stipulasyon sa a bay 100,000 moun ki gen TPS ak fanmi yo yon ti kras plis sètitid sou lavi yo Ozetazini, omwen pou kounye a. Men, sa a se pa yon solisyon pèmanan. Nou anvi kontinye defann dwa tout moun ki gen TPS yo ansanm ak tout moun ki pote plent yo ak òganizasyon kominotè yo ki ini nan kòz sa a.”

Jessica Karp Bansal, Ko-Direktè Legal nan NDLON , te di “Moun ki gen TPS yo ak pitit yo ap kanpe devan Administrasyon Trump la nan tribinal yo ak nan Kongrè a—epi y ap pran plis fòs. Nan defann pwòp dwa yo, moun ki gen TPS yo ap pwoteje tout dwa nou pou nou lib anba desizyon abitrè ak motive pa ras.”

“Nou kontinye sèvi ak konpetans nou nan litij epi nou travay an kolaborasyon pou nou bloke efò administrasyon an pou l inyore lwa TPS ki egziste deja a, epi, pandan n ap fè sa, pou nou asire ke sistèm kontwòl ak balans ki enèran nan pwosesis jidisyè nou an respekte,” te di Sean Commons, yon patnè nan biwo Sidley Austin LLP nan Los Angeles . “Sispansyon sa a prezève entansyon lwa a ki egziste depi lontan epi li bay yon nivo sètitid pou plis pase san mil moun ki gen TPS ki soti Ondiras ak Nepal ansanm ak fanmi yo—anpil ladan yo gen timoun ki se sitwayen ameriken.”

Demandan nan Bhattarai yo se manm divès òganizasyon k ap goumen pou defann TPS nan tribinal yo ak nan Kongrè a, tankou Adhikaar, Inyon Entènasyonal Pent ak Komès Alye (IUPAT), ak Alyans Nasyonal TPS la. Yo reprezante pa Fondasyon ACLU nan Sid Kalifòni, Fondasyon ACLU nan Nò Kalifòni, Asian Americans Advancing Justice-Asian Law Caucus, Asian Americans Advancing Justice-Los Angeles, Rezo Nasyonal pou Òganizasyon Travayè Jounen yo, ak kabinè avoka Sidley la.

Retounen anlè