POU LIBERASYON IMEDYAT
12 mas 2019
Kontakte:
Viridiana Vidal, 702-206-2110,
vvidal@ndlon.org

Pozisyon Alyans Nasyonal TPS la sou Pwojè Lwa TPS-DACA-DED la
Washington, DC – An repons a pwojè lwa Reprezantan Velazquez ak Roybal-Allard nan Chanm Reprezantan an ki konbine TPS, DED, ak DACA, Alyans Nasyonal TPS la pibliye deklarasyon sa a:
“Pwojè lwa sa a se yon pa nan bon direksyon an. Kongrè a dwe pran mezi pou rezoud kriz imanitè Prezidan Trump te kreye a lè li te mete fen nan TPS, DACA, ak DED. Nou fè fas ak separasyon plis pase mwatye milyon moun ki gen TPS ak fanmi yo, nou mande Kongrè a pou l gade limanite nou epi pou l konprann ijans pwoblèm sa a pou fanmi nou yo. Pou sa ka yon pwosesis demokratik, nou dwe pran tan pou nou etidye pwopozisyon an, epi konprann enpak li nan kontèks politik jodi a. 60 komite lokal Alyans Nasyonal TPS la pral analize pwopozisyon pwojè lwa a epi diskite sou kontni pwojè lwa a, sa li vle di pou fanmi migran k ap viv anba administrasyon Trump la, epi finalman pran yon pozisyon ki endepandan de pati politik oswa politik anndan. Sa ki klè touswit se ke vrè defi a se nan avanse yon pwopozisyon bipartizan. Depi pwogram TPS la te fini, lavi nou te an sispans e nan lenb. Kounye a nou sèlman gen 9 mwa ki rete anvan nou separe nèt ak pitit nou yo. Nou ankouraje Kongrè a pou l kite politik sou kote pou evite separasyon dè santèn de milye fanmi anplis ki te bati lavi yo nan peyi sa a. Pa gen anyen ki tanporè nan... lavi fanmi yo. Epi pa gen okenn eskiz pou rann plizyè milyon moun pi vilnerab a separasyon fanmi. Sa pa ta dwe kontwovèsyal pou okenn bò nan koulwa a. Nou tout dwe pale pou valè ke moun ki gen TPS yo egzanplifye e nou tout apresye,” te di Jose Palma, Kowòdinatè Alyans Nasyonal TPS la .
Kontèks:
Nan dat 12 mas, Reprezantan Nydia M. Velázquez ak Reprezantan Lucille Roybal-Allard te prezante HR 6, Lwa Dream & Promise la. Mezi a gen pou objèktif pou bay pwoteksyon legal pèmanan ak yon chemen pou jwenn sitwayènte pou Dreamers yo - imigran san papye yo te mennen Ozetazini lè yo te timoun. Pwojè lwa a te ajoute chanjman, pami yo enklizyon pwoteksyon pou moun ki resevwa Estati Pwoteksyon Tanporè ak moun ki resevwa Depa Fòse Ranvwaye.
###
Yo te fòme TPS Alliance an 2017 an repons a administrasyon Trump la ki te retire estati legal prèske mwatye yon milyon moun ki te gen TPS. Ansanm ak òganizasyon prensipal li yo – NDLON ak CARECEN-LA, TPS Alliance la gen ladan l plis pase 60 komite lokal nan 27 eta. National TPS Alliance la te pouse pwosè a, sa ki te mennen yon jij federal bloke anilasyon TPS Trump la pou El Salvador, Soudan, Ayiti ak Nikaragwa, epi litij ki kontinye ap fèt sou Nepal ak Ondiras.
