Pou Piblikasyon Imedya
1ye septanm 2020
Kontak Medya:
Erik Villalobos , evillalobos@ndlon.org , (626) 491-3330
Martin Pineda, mpineda@carecen-la.org , (213) 712-4022
Reyaksyon Alyans Nasyonal TPS la sou Règleman USCIS sou TPS la
Nan tout peyi a — An repons a otorite USCIS administrasyon Trump yo ki bloke libète kondisyonèl avanse pou sèten moun ki gen TPS ki vwayaje aletranje, òganizatè rejyonal Alyans Nasyonal TPS la, Claudia Lainez, te fè deklarasyon sa a:
"Malgre sa ofisyèl Trump yo di, lavi nou pa tanporè. Sa a se yon lòt efò administrasyon Trump la ap fè pou anpeche imigran yo jwenn sitwayènte legal."
"Rasis kont fanmi TPS yo, kont lavi imigran nwa ak metis yo, byen dokimante e fasil pou wè. Kesyon an se, pou konbyen tan lidè nasyonal yo ap kite lavi nou nan men yo?"
– Claudia Lainez , Detantè TPS ak Òganizatè Rejyonal pou Alyans Nasyonal TPS la
Kontèks: Lendi, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) te kraze yon pratik ki dire lontan nan politik imigrasyon Ozetazini, li te anonse li pral adopte yon desizyon Biwo Apèl Administratif ki bloke aplikasyon "libète kondisyonèl avanse" pou moun ki gen TPS apre yo fin vwayaje deyò peyi a ak dokiman vwayaj ki soti nan DHS. Nouvo entèpretasyon politik la, anba seksyon 244(f)(3) INA a (ke yo rele Libète Kondisyonèl Avanse) se youn nan plizyè mwayen pou rezidans pèmanan ke Administrasyon Trump la te bloke.
###
