Ale nan kontni an

Pou Piblikasyon Imedya

7 Out 2020

Kontak Medya: 

Erik Villalobos , evillalobos@ndlon.org

Kominote TPS la mande kandida prezidansyèl Joe Biden pou l klarifye pozisyon li sou sipò pou fanmi TPS yo.

GADE BIDEN PALE SOU TPS LA: 

Nationwide – Yè, ansyen Vis Prezidan ak kandida Demokrat prezime Joe Biden, te ale sou NPR ak Lourdes Navarro - kote li te pale sou kesyon Estati Pwoteksyon Tanporè a, li te deklare ke pwogram TPS la pral yon bagay li pral aji sou li nan premye jou li nan pouvwa a. Yo site Biden ki di:

"Men kontra a, mwen panse nou ta dwe pwolonje li [TPS la]... Yo [moun ki gen TPS yo] ta dwe kapab rete Ozetazini jiskaske sikonstans yo chanje nan peyi yo."

Paul Mondesir ki soti nan National TPS Alliance lan te reyaji ak deklarasyon sa a:

“Nou p ap kite pawòl mal di distrè nou, ni divize nou. Se yon moman ijans pou fanmi nou yo. Pou rezon sa a, n ap mande ansyen Vis Prezidan an pou l rankontre ak manm Alyans Nasyonal TPS la, pou l ka konprann nèt lit nou pou egalite, epi pou l ka klarifye pozisyon li sou Estati Pwoteksyon Tanporè an jeneral ak sou lavi nou an patikilye. Kowalisyon divès ak miltirasyal nou an vle l konprann ke nou pa sèlman ap goumen pou yon ekstansyon ak yon ekspansyon pwogram sa a. Nou vle dwa egal, epi n ap mande l pou l fè pozisyon li byen klè an favè rezidans pèmanan pou fanmi nou yo.”
Paul Andre Mondesir, pòtpawòl TPS ak òganizatè prensipal, National TPS Alliance

######

Retounen anlè