
Moun ki gen TPS yo mande 9yèm Awondisman an pou l kenbe òd ki anpeche administrasyon Trump la mete fen nan estati legal 400,000 moun.
Plizyè santèn moun rasanble devan tribinal la pou defann dwa moun ki gen TPS yo, kenbe fanmi yo ansanm epi plede pou pwoteksyon pèmanan.
Konferans pou laprès an dirèk disponib isit la :
Foto nan rasanbleman an disponib nan http://bit.ly/2Kxxmoq
Pasadena, Kalifòni – Nan dat 14 out, nan Tribinal Apèl Nevyèm Sikwi a, moun ki gen TPS yo te defann òd preliminè a ki anpeche gouvènman an mete fen nan estati legal imanitè yo a. Nevyèm Sikwi a te egzamine kontestasyon Administrasyon Trump la kont yon lòd tribinal distri ki te bloke revokasyon TPS pou El Salvador, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan. Apre yo te fin depoze yon ka ki gen rapò, gouvènman an te pwolonje menm pwoteksyon yo bay moun ki gen TPS ki soti Ondiras ak Nepal.
“Nou espere tribinal la ap respekte dwa plis pase 400,000 moun ki gen TPS yo ak pitit ameriken yo, anpil ladan yo toujou lekòl. Yo menm tou yo gen dwa benefisye pwoteksyon Konstitisyon an,” te di Ahilan Arulanantham , avoka ansyen nan ACLU Sid Kalifòni, ki te plede ka a.
“Mwen gen de timoun ki sitwayen ameriken. Se mwen menm ki ede yo reyisi oubyen pa reyisi, kit yo fè devwa yo kit yo pa fè sa. Pitit fi mwen vle vin yon jinekològ. Se travay mwen pou m ede l epi di l li ka fè nenpòt bagay. Ki opsyon mwen genyen? Kounye a mwen wè mwen ka swa ede yo oubyen separe avè yo,” te di Wilna Destin , yon moun ki gen TPS ki soti Ayiti e ki òganizatè sendika UNITE HERE, ki se yon plenyen nan ka a.
Plis pase 400,000 moun ki gen TPS pwoteje pa enjonksyon preliminè a. Pifò nan yo ap viv Ozetazini pou plis pase 20 ane epi anpil ladan yo gen timoun ak fanmi ki sitwayen ameriken isit la.
Crista Ramos, yon elèv lekòl segondè ki gen 15 an e ki se prensipal moun ki te pote plent nan ka a, te di, “Mwen te sèlman aprann pale de TPS lè prezidan an te eseye mete yon fen ladan l pou manman m. Men, antanke pitit yon moun ki gen TPS, mwen pa t reflechi de fwa anvan m te kanpe devan prezidan an pou m defann manman m ak fanmi nou.”
“Pwosè sa a konteste revokasyon ilegal ak diskriminatwa estati legal pou plis pase 400,000 moun,” te di Emi MacLean, direktè legal National Day Laborer Organizing Network la. “Li konfwonte tou tantativ Administrasyon Trump la pou demonte yon pwogram ki gen plizyè dizèn ane, ki te egzije pa Kongrè a, ki bay pwoteksyon imanitè.”
“Mwen konnen sa te yon batay long e difisil pou rive la, epi mwen santi mwen motive pou m kontinye – pou tèt mwen ak pou plizyè milye lòt Nepalè ki gen TPS tankou m,” te di Keshav Bhattarai, demandè prensipal nan yon ka ki gen rapò, Bhattarai kont Nielsen , ki konteste revokasyon TPS pou Nepal ak Ondiras.
“N ap goumen pou nou rete ansanm pou m ka kontinye pran swen pitit mwen yo epi wè yo reyalize rèv yo. Antanke manm sendika, nou konnen nou tout egal epi n ap goumen pou tout moun gen menm dwa yo. Sa gen ladan l dwa fanmi mwen pou l rete ansanm,” te di Donaldo Posadas, yon moun ki gen TPS ki soti Ondiras e manm Inyon Entènasyonal Pent ak Metye ki gen Afilyasyon, ki se yon moun ki pote plent tou nan ka Bhattarai a.
Plizyè santèn moun ki gen TPS, fanmi yo, manm sendika, ak sipòtè yo te mache nan tribinal la pou defann dwa moun ki gen TPS yo epi pou mande aksyon nan Kongrè a pou akòde pwoteksyon pèmanan bay moun ki gen TPS yo.
Demandan yo nan ka Ramos kont Nielsen an reprezante pa Fondasyon ACLU nan Sid Kalifòni, NDLON, ak kabinè avoka Sidley Austin LLP; Asian Americans Advancing Justice reprezante tou demandan yo nan ka Bhattarai kont DHS ki gen rapò. Demandan yo nan ka Ramos ak Bhattarai yo se manm divès òganizasyon k ap goumen pou defann TPS, tankou National TPS Alliance, CARECEN-Los Angeles, African Communities Together, Working Families United, UNITE-HERE, International Union of Painters and Allied Trades, Adhikaar ak Haitian Bridge Alliance.
ENFÒMASYON SOU PWOSÈ A: https://www.nationaltpsalliance.org/tps-lawsuit/ .
