Ale nan kontni an

ALYANS TPS LA PWOKLAME YON ETE AKSYON

Pou konbat menas Trump yo epi fè fas ak separasyon pwòp fanmi yo, Alyans Nasyonal TPS la ap òganize yon ete aksyon ak ranfòsman pouvwa.

Los Angeles, Boston, Vil Nouyòk – Lendi, Alyans Nasyonal TPS la te anonse yon seri aksyon pandan ete a ki vize ranfòse kominote yo atravè Etazini, epi konbat tout separasyon fanmi yo. Pandan Trump te konsantre ankò sou imigrasyon pou lanse kanpay elektoral li a, kominote TPS yo a kèk mwa sèlman anvan yo pèdi estati legal yo epi yo gen yon nouvo kriz separasyon fanmi.

“Sa a se yon apèl pou aksyon kolektif – pou òganize tèt nou kont vyolans administrasyon Trump la ap fè a – menas atak yo, fen estati legal nou an, kan konsantrasyon yo, lanmò timoun refijye yo, ak tout aksyon represyon kont imigran ak refijye yo. Li lè pou nou pran aksyon,” te di Jose Palma , kowòdinatè Alyans Nasyonal TPS la sou Ete Aksyon TPS la.

"Ete Aksyon TPS la" gen ladan l: 

  • Yon kanpay kontinyèl pou fòmasyon ak devlopman lidèchip nan nivo lokal pou moun ki gen TPS yo pou yo ka kontinye defann rezidans pèmanan ak libète kominote nou yo.
  • Kanpay binasyonal pou reyini plizyè milye timoun Amerik Santral ak fanmi TPS yo anba pwogram CAM lan.  
  • Komite TPS yo pral vire atansyon yo sou ofisyèl leta yo pou asire aksè a lisans chofè ak idantifikasyon. 

Yon mobilizasyon nasyonal anvan odyans 14 out 2019 la nan pwosè Ramos kont Nielsen an (konsènan TPS pou sis peyi) 

“Pandan anpil moun ap selebre libète nan 4 Jiyè a, anpil moun nan kominote imigran yo ap soufri anba ensètitid ak laperèz. Men, ansanm, nou ka transfòme ensètitid sa a an aksyon, yon Ete Aksyon, pou nou tout ka viv ak libète ak anpè ak fanmi nou,” te di Esther Portillo , Kowòdonatris Nasyonal Kanpay TPS la.

“Ansanm, nou pèdi laperèz sa a, epi nou konfwonte nenpòt defi,” Portillo te ajoute.

 

 

 

Retounen anlè