Ale nan kontni an

Manm Alyans Nasyonal TPS yo te rasanble nan Black Lives Matter Plaza nan Washington DC pou montre solidarite ak manifestan yo pou mande jistis rasyal ak yon fen nan vyolans lapolis.

FOTO / VIDEYO KONFERANS LAPRÈS LA

Washington DC– Mèkredi 10 jen 2020 an, manm National TPS Alliance yo te òganize yon konferans pou laprès deyò bilding AFL-CIO a, devan sa yo rele Black Lives Matter Plaza jodi a, ansanm ak sipò Inyon Entènasyonal Pent ak Metye Alye yo , pou delivre yon mesaj solidarite ak manifestasyon nasyonal yo k ap mande jistis rasyal ak yon fen nan vyolans lapolis depi lanmò George Floyd.

Alyans Nasyonal TPS la te pibliye deklarasyon sa yo:

“Pandan n ap kontinye goumen pou plis pase 400,000 fanmi TPS jwenn yon rezidans pèmanan, nou tout dwe rekonèt kijan mouvman sa a enpòtan pou kanpay nou an. Nou dwe rekonèt ke batay sa a se batay pa nou tou paske li reprezante avni fanmi nou yo tout espere genyen yon fwa nou jwenn yon solisyon pèmanan; yon demen ki pi klere, kote diskriminasyon ak mank konpasyon ka ranplase enklizyon ak akseptasyon.” – Paul Montesior, Òganizatè prensipal pou Alyans Nasyonal TPS la

“Mwen kwè li enpòtan pou nou edike tèt nou ak fanmi nou, pou nou gade listwa a, epi pou nou konprann kòlè frè ak sè nou yo. Li trèzenpòtan pou nou rete enfòme epi kontinye ini kòm yon kominote” – Joana Ayala-Flores, pitit moun ki gen TPS

“Nou te kouri kite peyi nan moman ki fè nou sonje vyolans leta ke lapolis ap itilize nan peyi sa a. Mouvman sa a se mouvman pa nou e nou pa ka rete an silans. Nou dwe kanpe an Solidarite! Black Lives Matter!” – Claudia Lainez, Detantè TPS ak Òganizatè Rejyonal pou Alyans Nasyonal TPS la

 

######

Retounen anlè