Pou Piblikasyon Imedya //
18 jen 2020
Kontakte: Erik Villalobos, evillalobos@ndlon.org
"Yon Sans Espwa pou Lit Nou an" – Repons TPS Alliance a sou Desizyon DACA a
Washington DC – Nan yon lòt defèt pou administrasyon Trump la, Jij Lakou Siprèm yo, nan yon desizyon 5-4, te konfime DACA a, pwogram ki te pwoteje plis pase 750,000 timoun imigran kont deportasyon. Kòm repons, òganizatè Alyans Nasyonal TPS la, William Martinez, te fè deklarasyon sa a:
"Nan non alyans nasyonal TPS la, nou felisite tout jèn ki te goumen pou DACA pandan tout ane sa yo. Se yon viktwa ki se pou yo, epi pou tout kominote nou an. Antanke yon DREAMer ak TPS, desizyon jodi a toujou ban mwen espwa ke tout kominote nou an pral wè jistis li merite a."
"Pandan n ap prepare pwòp mobilizasyon nou an nan dat 24 jen an nan Washington, DC, lit moun k ap reve yo, desizyon sa a, ban nou yon sans espwa pou lit nou an."
###
