Anons Sekretè Sekirite Entèn Kirstjen M. Nielsen sou Estati Pwoteksyon Tanporè pou Sid Soudan
Sekretè Sekirite Enteryè Kirstjen M. Nielsen anonse detèminasyon li ke yon ekstansyon pou deziyasyon Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Soudan Sid jistifye dapre Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite. Apre li fin revize sitiyasyon an nan Soudan Sid ak patnè entèajans yo avèk atansyon, Sekretè Nielsen detèmine konfli ame ki kontinye ap dewoule a ak kondisyon ekstraòdinè ak tanporè ki sipòte deziyasyon aktyèl Soudan Sid pou TPS la kontinye egziste. Se poutèt sa, dapre lwa a, li pwolonje deziyasyon TPS Soudan Sid la pou 18 mwa.
