Dènye Nouvèl: Chanm Reprezantan an Aprouve Pwolonjman TPS pou Ayiti, Li Voye Mezi a Pi Devan nan Pwosesis Lejislatif la.
Nan tout peyi a – Jodi a, Chanm Reprezantan Etazini an te fè yon pa istorik lè li te vote pou apwouve HR 1689, avèk 224 vòt, pou pwoteje moun Ayisyen ki gen TPS atravè yon petisyon pou dechaje. Aksyon sa a retire kontwòl nan men Prezidan Chanm Reprezantan an epi fòse yon vòt sou yon lejislasyon ki gen sipò majorite a. Pwojè lwa a ta bay twa zan pwoteksyon ak otorizasyon travay pou apeprè 350,000 sitwayen Ayisyen.
Kòm repons, Jose Palma ki soti nan National TPS Alliance la te pibliye deklarasyon sa a:
"Manèv pwosediral ekstraòdinè ak ra sa a rive nan yon moman kote anjeu yo pa t ka pi wo; administrasyon an te prezide pi gwo dedokimantasyon nan listwa modèn. Avni 350,000 Ayisyen an danje, ansanm ak yon lòt milyon moun ki gen TPS ke administrasyon sa a te mete fen nan estati yo."
“Nan yon moman kote anpil nouvèl sou imigrasyon yo negatif, sa a se yon bon pa annavan ki enpòtan. Manm Alyans Nasyonal TPS yo pap kite anyen san vire nan batay la pou pwoteksyon moun ki gen TPS yo bezwen ijan. Nou toujou gen yon bon bout chemen pou nou fè.”
Nou pral mete tèt ansanm ak kòlèg nou yo pou prezante agiman nou nan Lakou Siprèm nan dat 29 avril la, epi nou pral kontinye egzije pou Kongrè a mete an plas pwoteksyon pèmanan pou moun ki gen TPS yo. Vòt bipartizan jodi a reflete volonte pèp Ameriken an, epi nou pap sispann jiskaske pwoteksyon sa yo garanti.
##
