Pou Piblikasyon Imedya //
24 jen 2020
Kontakte: Erik Villalobos, evillalobos@ndlon.org ;
Martin Pineda, 213-712-4022, mpineda@carecen-la.org
Plizyè santèn moun ki gen TPS ap dirije mobilizasyon nasyonal "Sou wout la pou lajistis" pou ale nan Sena Ameriken an pou defann fanmi TPS ki sou wout pou yo depòte yo.
Transmisyon an dirèk sou karavàn
Washington, DC – Pi bonè jodi a, imigran ki gen TPS, fanmi yo ak alye yo te dirije yon karavàn ki te gen plizyè santèn machin dekore devan ak toutotou biwo Sena Ameriken an nan Washington DC. “Sou wout lajistis” se yon karavàn nasyonal fanmi TPS ki te vwayaje plizyè milye kilomèt pou sansibilize moun sou plis pase 130,000 travayè esansyèl TPS ki te sou premye liy pandemi COVID-19 la epi yon lòt fwa ankò yo mande pou Senatè yo sipòte fanmi TPS yo lè yo vote yon lejislasyon ki garanti yon estati legal pèmanan pou moun ki gen DACA ak TPS yo.
Mesaj pou ankouraje travayè esansyèl TPS yo, demand pou rezidans pèmanan ak pou mete fen nan separasyon fanmi, ak solidarite ak Black Lives Matter, te anvayi lari Washington DC pandan karavàn nan t ap fè wout li nan direksyon Sena ameriken an.
Jodi a, moun ki gen TPS yo ap voye yon mesaj fò bay senatè ameriken yo; ke moun ki gen TPS yo te esansyèl e yo ap toujou esansyèl, travay nou te esansyèl nan mitan pandemi an e li pral kontinye esansyèl.
Men deklarasyon ki soti nan yon konferans pou laprès maten an:
Marta Fernandez, Detantè TPS Ondiras ak Òganizatè Kominotè, Antelope Valley, Kalifòni
Revèy la ap fini, minit yo ak èdtan yo ap pase epi dat limit nou an, 4 janvye 2021, ap pwoche. Nou te bay, e nou kontinye bay, tout sa nou genyen nan peyi sa a, se poutèt sa nou mande yon solisyon pèmanan e imedya.
Doris Landaverde, Salvadoryèn, detantè TPS ak gadyen nan Inivèsite Harvard, Boston MA
Kongrè a ak Sena a dwe aji kounye a epi sispann refize fanmi TPS ak DACA yo yon rezidans pèmanan. Pandan pandemi sa a, mwen te oblije mete tèt mwen an karantèn lwen pitit mwen yo e sa te fè m mal; mwen pa ka imajine posiblite pou yo rache m nan men fanmi mwen si pwoteksyon TPS nou yo fini.
Erasmo Ramos, detantè TPS Ondirasyen ak travayè lopital, Newark, New Jersey
Nou la paske nou vle jistis, ekstansyon TPS nou an ekspire 4 janvye epi gen apeprè 450,000 moun ki sou wout pou yo depòte yo. Moun ki gen TPS tankou mwen menm ap mete pwòp sante nou ak sante fanmi nou an danje antanke travayè esansyèl ki sou premye liy pandemi sa a.
Kontèks:
Alyans Nasyonal TPS la se yon kowalisyon ki gen plis pase 50 komite lokal ki fòme ak fanmi imigran TPS atravè peyi a, k ap òganize epi defann rezidans pèmanan yo. Anpil manm se plenyen nan pwosè Ramos ak Bhattarai ki bloke tanporèman efò Donald Trump pou retire estati legal moun ki gen TPS Ozetazini. Plis pase 400,000 benefisyè Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) yo soti El Salvador, Gine, Ondiras, Ayiti, Nikaragwa, Nepal, Siri, Soudan, Sid Soudan, Somali, Syera Leyòn ak Yemèn. Aprann plis bagay sou lit pou jistis TPS la nan https://www.nationaltpsalliance.org
###
