Moun ki gen TPS ak pitit yo depoze yon pwosè kont administrasyon Trump la.
Dis moun ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ak senk pitit sitwayen ameriken ki gen TPS te depoze yon pwosè jodi a kont gouvènman federal la pou anpeche revokasyon ilegal TPS la pou plis pase 200,000 moun k ap viv Ozetazini epi pou pwoteje plizyè dizèn milye timoun sitwayen ameriken ki gen paran ki ta oblije kite anba politik administrasyon an.
