Tribinal Federal la bloke desizyon Trump pou l mete fen nan TPS la.
Jodi a, jij distri federal Edward Chen te bay yon òd preliminè pou bloke administrasyon Trump la pou mete fen nan estati legal pou moun ki benefisye Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ki soti El Salvador, Nikaragwa, Ayiti ak Soudan. Administrasyon Trump la te mete fen nan estati legal pou plis pase 300,000 moun ki soti nan peyi sa yo ki te viv legalman Ozetazini pandan plizyè ane oswa plizyè dizèn ane—epi premye revokasyon yo te dwe fèt 2 novanm.
