Ale nan kontni an

Pou Piblikasyon Imedya //

21 me 2019

Kontakte: Armando Carmona, 323-250-3018, armando@tzunu.com ; Press@Carecen-LA.org

Alyans Nasyonal TPS la mande pou yo adopte Lwa Rèv ak Pwomès la imedyatman.  

Washington, DC – Pandan Komite Jidisyè Chanm Reprezantan an ap avanse pou amelyore lejislasyon TPS/DED/DREAM nan, Alyans Nasyonal TPS la reyafime angajman san fay li pou asire yon solisyon solid ak pèmanan pou tout fanmi ak travayè k ap viv kounye a nan yon eta ensètitid.

An jen 2017, moun ki gen TPS ki afekte dirèkteman yo ak fanmi yo te fòme Alyans Nasyonal TPS la. Depi lè sa a, li vin premye e sèl òganizasyon ki dirije pa moun ki gen TPS k ap goumen pou sove TPS epi ankouraje rezidans pèmanan pou moun ki gen TPS ak DED ki soti nan tout 13 peyi yo.

Kounye a, apre nou fin fòme plis pase 60 komite TPS atravè peyi a, mobilize plizyè milye moun nan Kongrè a pou fè vizit pou gwoup moun ki vle fè lobi epi egzije aksyon nan Kongrè a, nou fyè pou nou kanpe ansanm antanke moun ki gen TPS epi sipòte HR 2820 ak HR 2821 ansanm ak moun ki gen DED, DACA ak alye nou yo pou dwa pou nou rete lakay nou, nan kominote nou yo epi kenbe fanmi nou yo ansanm.

Nan moman kritik sa a, nou mande Kongrè a pou prezève aspè pozitif lejislasyon ki fèk prezante a – sa vle di, pwoteksyon laj ak rezidans pèmanan pou plizyè santèn milye moun ki te kontribye nan peyi sa a epi ki merite rekonesans. Yo souvan di nou ke nan politik nou dwe "negosye", epi "fè konpwomi" pou nou rive nan yon solisyon, men verite a se ke lavi nou pa negosyab e limanite nou pa nan deba. Nou ankouraje Demokrat ak Repibliken yo pou yo kanpe ansanm epi avanse pou adopte lwa enpòtan sa a.

Nou konnen lejislasyon Kongrè a se sèl aksyon ki ka garanti nou kenbe fanmi nou yo ansanm. Lwa Rèv ak Pwomès la ( HR 2820 ak HR 2821) , se yon premye pwopozisyon solid ki bay yon solisyon pèmanan pou plizyè milye fanmi TPS ki te kontribye san pran souf nan twal sosyal nasyon nou an ak ekonomi lokal yo, e ki pral kontinye fè sa.

Nou ankouraje tout manm Komite Jidisyè a pou yo opoze tout dispozisyon rayisman ak anti-imigran ki ka parèt pandan peryòd HR 2820 ak HR 2821 an oubyen nan nenpòt lòt lejislasyon imigrasyon nan lavni. Fanmi ak kominote imigran nou yo merite pwoteksyon kont deportasyon. Nou kontribye anpil, nou peye dèt nou yo, nou fè tout sa yo te mande nou. Moun ki gen TPS yo kontribye plis pase 4.6 milya dola nan taks federal, leta ak lokal chak ane epi plis pase 350,000 timoun sitwayen ameriken gen omwen yon paran ki gen TPS. Kongrè a dwe asire ke fanmi nou yo an sekirite epi yo pa janm dechire.

Alyans Nasyonal TPS la ap kontinye siveye pwosesis lejislatif la epi asire ke vwa ak istwa fanmi TPS yo kontinye tande nan Kongrè a ak nan tout peyi a. Sou bò Sena a, n ap siveye epi sipòte pwojè lwa TPS la, Secure Act (S. 879). N ap kontinye pale dirèkteman epi travay avèk tout lejislatè yo kèlkeswa pati politik oswa afilyasyon yo pou asire ke fanmi nou yo jwenn yon solisyon pèmanan.

 

###

Retounen anlè