Lit nou an ap kontinye pandan Komite Jidisyè a apwouve Lwa Rèv ak Pwomès la.
Washington DC – Mèkredi 22 me a, Komite Jidisyè Chanm Reprezantan an te apwouve Lwa Dream & Promise la, e kounye a Kongrè a pral vote sou li. Pwojè lwa HR 2820 ak HR 2821 yo te diskite sou TPS, DED ak DACA nan yon deba ki te dire lontan.
An repons a apwobasyon lejislasyon an, Jose Palma pibliye deklarasyon sa a:
“Nou selebre apwobasyon youn nan lejislasyon ki pi solid yo ki bay yon chemen pou rezidans pèmanan pou moun ki gen TPS, moun ki resevwa DED ak DACA. Pandan plizyè dizèn ane nou te lite pou jwenn rekonesans e jodi a nou wè yon chemen e li enspire yon ti espwa nan mitan sikonstans difisil sa yo.”
Yo souvan di nou ke nan politik nou dwe "negosye", epi "fè konpwomi" pou nou rive jwenn yon solisyon, men verite a se ke lavi nou pa negosyab e limanite nou pa nan deba. Nou ankouraje Demokrat ak Repibliken yo pou yo kanpe ansanm epi avanse pou adopte lwa enpòtan sa a.
Nou konnen, sèl aksyon ki ka garanti ke lejislasyon Kongrè a se lejislasyon ki ka garanti ke fanmi nou yo rete ansanm. Lwa Rèv ak Pwomès la (HR 2820 ak HR 2821) se yon premye pwopozisyon solid ki bay yon solisyon pèmanan pou plizyè milye fanmi TPS ki kontribye san pran souf nan twal sosyal nasyon nou an ak ekonomi lokal yo, e ki pral kontinye fè sa.
Pandan n ap toujou gen espwa, nou konsantre tou e nou pi detèmine kounye a pase tout tan anvan. Nou espere tout lejislatè yo wè enpòtans pou yo sipòte pwojè lwa sa a epi
Alyans Nasyonal TPS la ap kontinye siveye pwosesis lejislatif la epi asire ke vwa ak istwa fanmi TPS yo kontinye tande nan Kongrè a ak nan tout peyi a. Sou bò Sena a, n ap siveye epi sipòte pwojè lwa TPS la, Secure Act (S. 879). N ap kontinye pale dirèkteman epi travay avèk tout lejislatè yo kèlkeswa pati politik oswa afilyasyon yo pou asire ke fanmi nou yo jwenn yon solisyon pèmanan.
Lit nou an fèk kòmanse epi nou mande tout moun ki gen TPS pou yo rantre nan mouvman k ap grandi a.
###
