Ale nan kontni an

Pou Piblikasyon Imedya
4 jen 2019
Kontakte: Armando Carmona, 323-250-3018, armando@tzunu.com ,
Viridiana Vidal, vvidal@ndlon.org

NOUVÈL KI GENYEN: Chanm Reprezantan an vote an favè Lwa Dream & Promise (HR-6) la

"Li klè, konsansis prensipal la se pou jistis TPS - men fanmi nou yo toujou pa pwoteje. Kounye a, nou pral bati apati de la."

Nan tout peyi a – Madi, Chanm Reprezantan an te vote pou adopte HR-6, Lwa Dream & Promise la, ki ta pèmèt moun ki gen TPS, moun ki resevwa DACA ak moun ki gen DED yon chemen pou yo vin rezidans pèmanan ak sitwayènte. Pwojè lwa a te pase san lòt amandman nan Chanm Reprezantan an, ki te gen ladan tou 7 Repibliken ki te vote an favè e ki reprezante premye fwa yon lejislasyon ki asire estati pèmanan moun ki gen TPS yo apwouve. Kounye a, pwojè lwa a dwe pase nan Sena a epi Prezidan an dwe siyen l anvan li vin yon lwa. Moun ki gen TPS yo kontinye ap fè fas ak menas deportasyon akòz pwoteksyon TPS yo ki fini, men kanmenm, yo angaje yo pou kontinye batay pou rezidans pèmanan pou tout moun.

Alyans Nasyonal TPS la te pibliye deklarasyon sa yo:

“Jodi a, n ap selebre men nou konnen vwayaj nou an toujou long. Moun ki gen TPS yo ap viv nan enpas pandan plizyè dizèn ane, san yo pa konnen si yon jou yo t ap revoke estati nou an, n ap bati fanmi ak kominote nou yo pandan n ap renouvle estati nou chak 18 mwa ak yon frè $495. HR 6 fè konnen byen klè, konsansis nasyonal la an favè jistis TPS, men reyalite a se, fanmi nou yo toujou pa pwoteje. Kounye a, n ap bati apati de la.” – Francis Garcia , Detantè TPS Ondirasyen, Komite TPS Las Vegas la

“Mwen vrèman kontan anpil pou viktwa sa a. Sa a se rezilta plizyè ane òganizasyon, plizyè èdtan ap edike kòlèg Nepalè nou yo ki gen TPS, ap rele epi rankontre ak ofisyèl eli yo, ap rakonte istwa mwen bay piblik la epi ap travay ak kòlèg nou yo ki gen TPS ak DED ki soti nan tout 13 peyi yo kòm yon pati nan Alyans lan. Sa fè plis pase yon deseni depi m ap viv nan peyi sa a epi m santi yon reyon solèy ap vini. Mwen tèlman gen enèji, epi mwen santi m pare pou m antre nan pwochen batay nou an nan Sena a.” – Brinda R., manm Adhikaar , manm Komite Prensipal TPS ak detantè Nepalè TPS

“Mwen kontan nou fè yon pa anplis pou nou rive nan rezidans pèmanan. Objektif nou se bay timoun nou yo ki ap soufri ak enkyetid epi ki pè pèdi paran yo akoz deportasyon estabilite emosyonèl. Jodi a, nou santi omwen mwatye Kongrè a tande nou, epi byenke nou konnen lit la toujou devan nou, nou rete fèm epi n ap kontinye pouse pou pwoteksyon pèmanan pou tout moun ki gen TPS” – Lorena Zepeda, Detantè TPS El Salvador & Komite TPS Los Angeles.

“Adopsyon HR-6 la nesesè pou kenbe fanmi mwen ini. Mwen menm ak pitit mwen yo pa gen okenn lòt kote pou n ale, nou bati rasin nan peyi sa a epi n ap kontinye goumen pou dwa nou pou nou rete. Se te yon malè pou nou tande diskou danjere ak ksenofob ki kontinye kriminalize imigran yo. Sepandan, n ap tann deba sou li ak adopsyon li nan Sena a.” – Marie Richmond, Detantè TPS Ayiti , Lynn Massachusetts.

Lit Alyans Nasyonal TPS la ap kontinye pandan lejislasyon an ap rive nan Sena a. Jodi a, NTPSA a anonse Ete Rezistans TPS la ak ranfòsman pouvwa. Apati 14 Out 2019, Alyans Nasyonal TPS la ap chèche mobilize plizyè milye moun ki gen TPS pou sipòte odyans tribinal la pou Ramos kont Nielsen ki pral fèt nan Pasadena, Kalifòni. NTPSA a pral lanse yon kanpay Angajman pou Vote ak komite Solidarite Sitwayen nan zòn kle nan tout peyi a epi li pral kontinye bati komite TPS nan chak kwen nan peyi a. Lit nou an ap kontinye epi nou p ap repoze jiskaske nou genyen rezidans pèmanan pou tout moun!!!

 

###

 

Retounen anlè