RAMOS kont NIELSEN – KESYON YO POZE SOUVAN
Nòt: USCIS pibliye enfòmasyon sou Ramos sou paj wèb li a, isit la: https://www.uscis.gov/update-ramos-v-nielsen . FAQ sa a fèt pou bay enfòmasyon jeneral, pa konsèy legal.
Ki sa ka Ramos la ye?
Nan mwa mas 2018, moun ki gen TPS ki soti Soudan, Nikaragwa, Ayiti ak El Salvador ansanm ak pitit yo ki sitwayen ameriken te depoze yon pwosè kont gouvènman federal la (“ Ramos kont Nielsen ”). Yo te diskite ke revokasyon TPS yo pou peyi yo te ilegal. Pami lòt bagay, yo te eksplike ke gouvènman an pa t swiv Lwa Pwosedi Administratif la epi li te aji akoz rasis, sa ki vyole konstitisyon an. Yo te mande tribinal la pou anpeche gouvènman an mete revokasyon ilegal yo an aplikasyon.
Nan dat 3 oktòb 2018, tribinal la te pran yon desizyon preliminè ke moun ki gen TPS yo te gen chans pou genyen ka a. Tribinal la te bay lòd pou gouvènman an asire ke moun ki gen TPS ki soti Soudan, Nikaragwa, Ayiti ak El Salvador kenbe estati TPS yo ak otorizasyon travay yo pandan ka a rive nan yon konklizyon final.
Mwen se yon detantè TPS ki soti Soudan, Nikaragwa, Ayiti, oubyen Salvador epi mwen vle konnen...
Ki jan lòd Ramos la afekte estati TPS mwen an ak otorizasyon travay mwen an?
- Toutotan ou kontinye satisfè kondisyon kalifikasyon endividyèl pou TPS (pa egzanp, prezans kontinyèl Ozetazini, pa gen okenn kondanasyon pou krim grav, pa gen okenn kondanasyon pou de oswa plis deli), estati TPS ou ak otorizasyon travay ou yo te otomatikman pwolonje jiska 2 janvye 2020.
- Si lòd tribinal la toujou an vigè an Desanm 2019, estati TPS ou ak otorizasyon travay ou ap otomatikman pwolonje ankò jiska 2 Oktòb 2020.
- Y ap anonse menm ekstansyon yo chak nèf mwa toutotan lòd tribinal la an vigè.
- Ou pa bezwen depoze anyen ni peye pou ekstansyon sa a. Li otomatik.
Dokiman Otorizasyon Travay mwen an ekspire. Kouman mwen ka pwouve anplwayè mwen ke mwen otorize pou m travay?
Ou ka montre patwon ou yon kopi EAD ekspire ou a ansanm ak Avi Rejis Federal la ki otomatikman pwolonje estati TPS ou ak otorizasyon travay ou. Avi Rejis Federal la eksplike ke patwon yo dwe aksepte EAD ekspire ou a ak Avi Rejis Federal la kòm prèv otorizasyon travay.
Si ou ta renmen yon EAD ak nouvo dat ekspirasyon 2 janvye 2020 an, ou ka aplike pou youn lè w ranpli Fòm I-765 nan USCIS epi peye frè a oubyen lè w mande yon egzansyon frè.
Dokiman Otorizasyon Travay mwen an ak/oswa Fòm I-797 Avi Apwobasyon an ekspire. Kouman pou m renouvle lisans chofè mwen an?
Chak eta gen pwòp egzijans li yo pou sa ou bezwen fè pou renouvle yon lisans chofè. Si eta ou a egzije pou ou montre ke ou gen yon estati TPS ki valab, ou ka fè sa lè w montre EAD ou ki ekspire a oswa Fòm I-797 ou a ansanm ak yon kopi Avi Rejis Federal la ki otomatikman pwolonje estati ou a.
Mwen soti Soudan, Nikaragwa, Ayiti, oubyen El Salvador epi mwen te konn gen TPS men mwen pa t renouvle l. Kisa m ka fè kounye a?
Si ou te gen yon TPS valab jiska prezans revokasyon an (oswa, nan ka Ayiti, jiska prezans swa revokasyon an oswa ekstansyon Me 2017 la) men ou pa t re-enskri apre sa, ou ka aplike pou TPS kounye a lè w ranpli Fòm I-821 ak USCIS. W ap gen pou w montre yon bon rezon pou w pa t re-enskri. Yon lèt ki deklare ou pa t re-enskri paske ou te konfonn oswa ou te pè akòz revokasyon an (oswa, nan ka Ayiti, akòz ekstansyon Me 2017 la) ta dwe ase pou satisfè estanda bon rezon an.
Kilè y ap pran yon desizyon sou apèl Ramos la?
Yo poko pwograme yon odyans sou apèl Ramos la. Yo prevwa li ete sa a. Yon desizyon ka vini nenpòt ki lè apre sa. Si okenn bò pa mande plis revizyon, apèl la fini la. Sinon, pati ki pèdi nan apèl la ka mande Nevyèm Sikwi a pou tande ka a ankò an plen (sa vle di ak yon pi gwo gwoup jij) oswa li ka mande Lakou Siprèm nan pou tande ka a. Si sa rive, apèl la kontinye jiskaske Nevyèm Sikwi a ak/oswa Lakou Siprèm nan swa refize tande ka a oswa dakò pou tande l epi bay yon desizyon final. Malgre ke pa gen yon delè fiks, pwosesis sa a ka pran jiska dezan.
Kisa k ap pase si yo ranvèse lòd Ramos la?
Si yo ranvèse lòd Ramos la, gouvènman an ka mete fen nan TPS pou Soudan, Nikaragwa, Ayiti ak El Salvador. Men, li dwe bay moun ki gen TPS yo omwen 120 jou apati "dat efektif" desizyon tribinal apèl la anvan li fè sa. "Dat efektif" la se omwen 52 jou apre tribinal apèl la anonse desizyon li (oswa potansyèlman pi lontan, si youn nan bò yo mande pou yon revizyon adisyonèl).
Sa vle di si yo ranvèse lòd Ramos la, moun ki gen TPS yo ap kenbe estati TPS yo ak otorizasyon travay yo pou omwen apeprè sis mwa (120 jou + 52 jou) apati dat yo anonse ranvèsman an. Pandan tan sa a, si desizyon tribinal apèl la kite nenpòt posibilite ke revokasyon TPS pou Soudan, Nikaragwa, Ayiti ak El Salvador yo toujou vilnerab a kontestasyon legal, ka Ramos la ta ka relouvri nan tribinal distri a, epi demandè yo ta ka potansyèlman mande yon nouvo lòd pou anpeche gouvènman an mete fen nan TPS pou peyi yo.
Kisa k ap pase si yo kenbe lòd Ramos la?
Si yo kenbe lòd Ramos la, ka a ap retounen nan tribinal distri a. Lòd tribinal la ki pwoteje moun ki gen TPS ki soti nan Soudan, Nikaragwa, Ayiti ak El Salvador ap rete an plas jiskaske ka a rive nan yon desizyon final.
Èske ka Ramos la ka jwenn estati pèmanan pou moun ki gen TPS ki soti Ondiras ak Nepal?
Non. Se sèlman Kongrè a ki ka bay yon estati pèmanan pou moun ki gen TPS yo. Litij la ka prezève TPS tanporèman pandan tribinal yo ap deside sou ka a. Men, anfen, sèl soulajman tribinal la ka bay se yon lòd pou anpeche gouvènman an aplike revokasyon yo te anonse deja yo. Tribinal la pa ka anpeche gouvènman an mete fen nan TPS ankò (depi gouvènman an respekte lalwa lè l ap fè sa). Li pa ka fòse gouvènman an bay moun ki gen TPS yo yon estati pèmanan nonplis.
