Temwayaj prepare pou Komite Jidisyè Chanm Reprezantan Etazini an
Non mwen se Jose Palma. Mwen fèt nan El Salvador, sepandan kay mwen – ak kay fanmi mwen – se Ozetazini. Mwen se papa kat (4) timoun ki sitwayen ameriken, epi mwen rete Lynn, Massachusetts depi dizwit (18) ane kòm yon moun ki gen TPS. M ap pale avèk ou jodi a antanke yon moun endividyèl, antanke yon mari, yon papa, ak yon travayè.
