Nouvo Manda pou Kongrè a vle di yon Solisyon Pèmanan pou Fanmi TPS yo
Kèk jou apre eleksyon mitan manda 2018 yo, plizyè santèn imigran ki gen TPS ki soti nan divès peyi te rasanble devan Mezon Blanch lan, pandan "Vwayaj TPS pou Jistis" la te rive Washington, DC. Apre yon vwayaj libète 12 semèn, kote yo te travèse peyi a pou rankontre ak kominote tout orijin, plizyè santèn moun ki gen TPS te mache soti Mezon Blanch pou ale nan Trump Hotel pou mande pwoteksyon pèmanan pou fanmi yo, fas a atak kont imigran yo ak santiman rasis.
